No menu items!
HomeHaiti Chante Avec Radio Lumière Kreyòl37 HCK – Lavi sa a gen poul fini

37 HCK – Lavi sa a gen poul fini

1

Lavi sa a gen poul fini

Tankou vye fèy ki fennen;

E lanmò gen poul vini,

Pran Bondye

Paske tan sa a ap pase

Nanm nou bezwen delivre,

Jistis nou pa janm ase,

Pran Bondye.

Pran Bondye, pran Bondye

Pandan ou gen souf lavi a,

Pran Bondye.

Si ou tann twòp, ap mize,

Bon chans sa a va epuize

E ou pap kapap sove,

Pran Bondye.

2

Lè wap mache sou wout la

Ou rive nan dènye bout,

Ou vle sove kout ke kout,

Pran Bondye

Jezikri se sèl Sovè,

Sèl pitit Bondye nan syèl,

Se li ki ofri lapè,

Pran Bondye.

3

Vin aksepte Jezikri

Nanpwen lòt Sovè kon li,

Li va ba ou Sentespri,

Pran Bondye.

Nan kè ou la met lajwa,

Sou peche la ba ou viktwa,

Nan Kris vin mete lafwa,

Pran Bondye.

RELATED ARTICLES

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here
Captcha verification failed!
CAPTCHA user score failed. Please contact us!

Most Popular Songs

Recent Comments

error: Praise The Lord!!