No menu items!
HomeGloire A L’Agneau Kreyòl17 GAK – Lèw anba nyaj ak tanpèt yo

17 GAK – Lèw anba nyaj ak tanpèt yo

1

Lèw anba nyaj ak tanpèt yo,

Chan e souri yo ale;

Genyen yon moun ki renmen ou

Menm lè lannwit la twò long.

Gen youn ankò pou ede ou,

Gen youn ki ka reponn ou,

Gen youn ki wè tout sò ou yo,

Gen youn ki konnen sa.

Li konnen sa. (2 fwa)

Tout tantasyon ak doulè yo,

Se Jezi k sèl espwa.

2

Lè plezi tè sa a disparèt,

Jounen ak lannwit sanble.

Pou ou, nanpwen anyen ankò

Menm kouraj, nanpwen ankò.

Ou panse pa genyen espwa

Men gen yon moun pou edew,

Se li menm ki va pran swen ou

Li konnen bezwen ou.

3

Kite Sovè a pran swen ou

Prese chache prezans li.

Li bay lapè, konsolasyon,

Li fè tout dout yo ale;

Li chanje vi ou konplètman

Syèl la va louvri pou ou,

Se Jezi ki va pran swen ou

Paske li konnen sa.

RELATED ARTICLES

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here
Captcha verification failed!
CAPTCHA user score failed. Please contact us!

Most Popular Songs

Recent Comments

error: Praise The Lord!!