No menu items!
HomeChants D’esperance Kreyòl81 CDK – Jezi ou ki renmen mwen

81 CDK – Jezi ou ki renmen mwen

1

Jezi ou ki renmen mwen

Kite mwen ale jwenn ou;

Tout lòt azil kapab ven,

Lè lanmò menase nou.

Kache mwen, o Sovè mwen,

Pandan tout loraj lavi.

Resevwa mwen alafen

Nan lapè ki pap fini.

2

Ou se sèl refij mwen gen,

Nanm mwen pa gen lòt espwa

Tanpri, pa bandone mwen,

Sovèm, lè tout bagay nwa.

Mwen vle konfyem nan ou sèl

Mwen pa genyen lòt sekou;

Sèvi pou mwen kon yon zèl

Ma va byen lèm avèk ou.

3

Mwen pa bezwen lòt bagay

Pase ou, bon Jezikri.

Se ou menm ki te konn bay

Lasante e menm lavi.

Mwen menm, mwen pa vo anyen,

Mwen genyen anpil peche,

Se ou sèl ki vrèman sen,

Ou se gras e verite.

4

Genyen anpil gras nan ou,

Pi gran pase peche nou.

Gras ou se yon bagay dou,

Kite li travay nan nou.

Jezi ou se sous lavi

Banm Lespri ou san mezi

Jayi nan mwen kon yon pui;

Se lavi ki pap fini.

RELATED ARTICLES

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here
Captcha verification failed!
CAPTCHA user score failed. Please contact us!

Most Popular Songs

Recent Comments

error: Praise The Lord!!