No menu items!
HomeDes Cantiques Spéciaux Kreyòl8 CSK – Sa ou ye pou mwen

8 CSK – Sa ou ye pou mwen

1

Sa ou ye pou mwen

Se pa bagay m pap janm ka fin eksplike

Ou jwe wòl manman, ou jwe wòl papa

Parenn mwen se ou.

Si se pat gras ou konbyen m tap bay

Poum jwenn yon zanmi tankouw

Ou se richès mwen, bonè mwen

Se sa mwen ka di.

Ou se referans mwen

Ou se garanti mwen

Espwa mwen se ou.

Ou se asirans mwen,

Siw pat la sam tap fè,

Kòman sa tap ye.

2

Ou jwe wòl manman, ou jwe wòl papa

Janmen ou pa janm trayim

Ou se kat kredim, se ou ki kanèm

San ou m pa fonksyone

Ou plis kon mari, ou plis kon madanm

Pèsonn paka konparew,

Ou se tout byenm

Espwa mwen, se sa mwen ka di.

3

Non sèlmanw pran swenm

Ou pwomèt mwen

Yon lavi ki pap gen fen

Bagay menm nan rèv mwen pa tap wè

Ou ban mwen yo gratis.

Koze maladi, koze lanmò,

Tout bagay sa yo regle,

Ou se doktèm, konseyem,

Se sa mwen ka di.

Chant du groupe les Gilbert

RELATED ARTICLES

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here
Captcha verification failed!
CAPTCHA user score failed. Please contact us!

Most Popular Songs

Recent Comments

error: Praise The Lord!!