No menu items!
HomeHaiti Chante Avec Radio Lumière Kreyòl78 HCK – Mwen li bèl pwomès Bondye

78 HCK – Mwen li bèl pwomès Bondye

1

Mwen li bèl pwomès Bondye,

Nan Pawòl li

Wi li kapab fè tout bagay,

Nanpwen anyen enposib

Pou li, se vre,

Si nou konfye nan Pawòl li.

Anyen pa ka enposib,

Lè konfyans nou nan Bondye.

Anyen pa ka enposib,

Lèn konfye nan Pawòl li,

Koute vwa Senyè nou an ankò;

Mete konfyans nou nan Bondye,

E kwè nan Pawòl li,

O anyen, o anyen, o anyen

Pa enposib pou Bondye.

2

Pawòl Bondye di tout bagay posib,

Pwomès yo pou ou, sèlman kwè,

Kwè tout sa li di paske Bondye fidèl,

Tout sa li pwomèt, li va fèl.

3

Pawòl Bondye se yon lank byen asire

Nan mitan tanpèt ak danje.

Menm si nou souvan fayi nan feblès nou

Pawòl Bondye a rete fèm.

RELATED ARTICLES

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here
Captcha verification failed!
CAPTCHA user score failed. Please contact us!

Most Popular Songs

Recent Comments

error: Praise The Lord!!