No menu items!
HomeChants D’esperance Kreyòl73 CDK – Kè nou pa bezwen twouble plis

73 CDK – Kè nou pa bezwen twouble plis

1

Kè nou pa bezwen twouble plis

Bondye ban nou lapè nan Kris.

Se sèlman pou nou kwè Bondye,

Ak Jezikri, sèl verite.

2

Lafwa nan li, se yon remèd;

Li chanje menm twoub ki pi rèd!

Tout moun ki gen anpil lafwa,

Lapenn yo va tounen lajwa.

3

Gen anpil moun ki pè lanmò;

Yo krenn sa kap tann yo lòtbò

Jezikri di nan kay papal,

Li va prepare plizyè sal.

4

Se te pou tout disip li yo,

Li te pale pawòl sa yo.

Li vle pou tout disip li yo

Al abite kotel anwo.

5

Se Jezi, sèl chemen, laverite,

Ki te pwomèt lap bay lapè;

Sa li ban nou, se pou tout tan;

San krent ni twoub, kè nou kontan.

RELATED ARTICLES

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here
Captcha verification failed!
CAPTCHA user score failed. Please contact us!

Most Popular Songs

Recent Comments

error: Praise The Lord!!