No menu items!
HomeChants D’esperance Kreyòl72 CDK – Mwen te tande bèl vwa Jezi

72 CDK – Mwen te tande bèl vwa Jezi

1

Mwen te tande bèl vwa Jezi

Ki pale pou di mwen:

Ou ki chaje vini jwenn mwen,

Repoze ou sou mwen.

Mwen te vini, janm te ye a,

Mizerab, fatige!

Mwen jwenn repo, lapè nan li

Kèm vin kontan, mwen ge!

2

Mwen te tande bèl vwa Jezi

Ki pale pou di mwen:

Men mwen ofriw dlo vivan,

Se pou ou, vini pran!

Mwen te vini, e mwen te bwè

Dlo Sovèm te ban mwen;

Nanm mwen te vini rafrechi,

E mape viv nan li.

3

Mwen te tande bèl vwa Jezi

Ki pale pou di mwen:

Se mwen ki vrè limyè lèzòm,

Vini swiv mwen, tout moun.

Mwen deside swiv Jezikri,

Mwen jwenn limyè nan li,

E se li ki va klere mwen

Chak jou jiska lafen.

RELATED ARTICLES

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here
Captcha verification failed!
CAPTCHA user score failed. Please contact us!

Most Popular Songs

Recent Comments

error: Praise The Lord!!