No menu items!
HomeRéveillons-Nous Kreyòl66 RNK – Lè nou nan lamizè

66 RNK – Lè nou nan lamizè

1

Lè nou nan lamizè,

Akable, toumante,

Lè lavi nou boulvèse;

Lè nou pèdi espwa;

Lè tout bagay fènwa,

Lè nou pa wè devan,

Lè tristès nan kè nou,

Lè nou nan lafliksyon

Lè nou vle dekouraje

Leve je nou anlè,

Epi gade Jezi

Na santi nou pi fò.

Refren

Jezi! Jezi!

Tanpri ban nou fòs

Pou nou lite.

Jezi! Jezi!

Si ou pa kenbe n

Nou va tonbe.

2

Pafwa se tantasyon

Chak fwa nou vle fè byen,

Men se mal ki prezante,

Nou gen bòn volonte,

Men twòp difikilte

Fè nou pèdi lafwa

Pafwa se maladi,

Gen de lè se lanmò,

Elas! nou dezespere,

Si nou priye Jezi

Wi se nan li menm sèl

Nou gen konsolasyon.

3

Sa vre nou vle travay,

E mache pou glwa li

Men nou manke fòs, kouraj

Lè eprèv yo vini,

Gen kote nou febli,

Malgre kalamite,

Malgre difikilte;

Annou pa ebranle,

Annou priye Jezi,

Paske se li menm sèl

Ki ka ban nou lajwa.

RELATED ARTICLES

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here
Captcha verification failed!
CAPTCHA user score failed. Please contact us!

Most Popular Songs

Recent Comments

error: Praise The Lord!!