No menu items!
HomeChants D’esperance Kreyòl48 CDK – Mwen pa bezwen pè, Sovè mwen tou pre

48 CDK – Mwen pa bezwen pè, Sovè mwen tou pre

1

Mwen pa bezwen pè, Sovè mwen tou pre

E pou sove mwen li prèt pou parèt.

Ma va priye anpil se Kris kap aji,

Lè li nan kannòt mwen, mwen pa pè tanpèt.

2

Si chemen mwen nwa, se Kris ki gid mwen

Ma obeyi li, la pwoteje mwen.

Menm si tout moun kont mwen

E tout bagay nwa,

Pawòl li pap manke, li dwe akonpli.

3

Amou li pou mwen, se pa bagay yè,

Poutèt sam konnen li pap kite mwen.

Mwen pa kapab bliye tout delivrans mwen;

Poutèt sam konnen la edem jouk lafen.

4

Mwen pa pou plenyen soufrans ni bezwen

Kris te avètim sa gen pou vini.

Pawòl li anseye tout moun kap swiv li

Dwe sibi tantasyon ak pèsekisyon.

5

Tout sa kap rivem, va sèvim yon byen,

Maksepte soufrans kòmsi li te dous.

Li pap dire lontan, byento la sispann.

Nan Kris ma va kontan, ma gen laviktwa.

RELATED ARTICLES

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here
Captcha verification failed!
CAPTCHA user score failed. Please contact us!

Most Popular Songs

Recent Comments

error: Praise The Lord!!