No menu items!
HomeRéveillons-Nous Chrétiens Kreyòl47 RCK – Nanpwen pwoblèm Jezikri pa kapab rezoud

47 RCK – Nanpwen pwoblèm Jezikri pa kapab rezoud

1

Nanpwen pwoblèm Jezikri pa kapab rezoud

Nanpwen wòch ki twò lou poul pa woule

Li te woule pa mwen, la woule pa ou tou

Sèlman fèl konfyans e la woule wòch la.

2

Labib di nou priye tout tan

Lapriyè pa gen baryè, li pa gen limit

Danyèl te fè eksperyans la nan fòs lyon an

Fè Jezi konfyans e la woule wòch la.

La woule, la woule wòch la.

3

Nap sèvi yon wa ki kapab fè tout bagay,

Li resisite moun, li geri malad

Ou mèt fèl konfyans

Ou pap janm pran desepsyon

Kontinye fèl konfyans el va woule wòch la.

La woule, la woule wòch la.

4

Gen de wòch nan lavi ou ki pa janm ka woule

Yo tèlman lou, ou dekouraje vit

Sovè a pwomèt poul ede ou woule wòch la

Si ou priye ak lafwa, fòk li woule.

Fòl woule, fòl woule wòch la

Nanpwen wòch Jezi pa woule. (2 fwa)

RELATED ARTICLES

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here
Captcha verification failed!
CAPTCHA user score failed. Please contact us!

Most Popular Songs

Recent Comments

error: Praise The Lord!!