No menu items!
HomeRéveillons-Nous Kreyòl44 RNK – Lè moman an te pi difisil

44 RNK – Lè moman an te pi difisil

1

Lè moman an te pi difisil,

Pitit, madanm tonbe malad,

Kouche sou kabann lopital

Ak lapenn mwen pa nan travay.

Yo ban mwen papye preskripsyon

Mezanmi m pa gen atouche

Mwen louvri bra mwen bay Jezi

Se li menm sèl ki ka sovem.

Refren

Mwen pap lache Jezi yon may,

Avèk li mwen pi asire;

Mwen pap kite Jezi sovèm

Avèk li map genyen viktwa.

2

Gen sak te dim al kay bòkò,

Ak lajan mal rele vye lwa

Ajenouyem nan pye pechè,

Pitit, madanm mwen pral mouri,

Mwen fè yon egzamen konsyans,

Si yon nonm te ka bay lavi,

Nonm sila pa ta janm mouri

Tout richès latè ta pou li.

3

Doktè dim pa genyen espwa

Tou de moun yo prèt pou mouri

Men mwen di: O non de Jezi!

Pa gen anyen dwòl kap pase.

Tou de moun yo pat ka manje

Nan demen, yo mande manje

Uit jou pase yo egzeyate

Sou pwoteksyon Jezi sovèm.

RELATED ARTICLES

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here
Captcha verification failed!
CAPTCHA user score failed. Please contact us!

Most Popular Songs

Recent Comments

error: Praise The Lord!!