No menu items!
HomeMélodies Joyeuses Kreyòl38 MJK – Isiba mwen satisfè ak sam genyen

38 MJK – Isiba mwen satisfè ak sam genyen

1

Isiba mwen satisfè ak sam genyen

Ak mezi byen Jezi vle ban mwen.

M konnen nan syèl la

Kote zanj yap chante

Mwen gen yon palè depi mwen sove.

Nan peyi anwo a

Mwen genyen yon palè.

Se lòtbò mòn nan

Mwen anvi rive,

Yon jou ma wè li

Lè Jezi va vini

Ma louwe Li pou letènite.

2

Malgre mwen tante,

Toumante, meprize

Kèk fwa menm tèt mwen

Konn byen chaje.

Mwen se vwayajè

Mwen prale nan syèl la.

Mwen wè ak lafwa

Yon palè laba.

3

Mwen pa malere,

Mwen pap dekouraje.

Mwen santi mwen byen

E mwen vle chante.

Devan twòn Bondye,

Map ansanm ak zanj yo,

Chante pou Jezi

Yon kantik nouvo.

RELATED ARTICLES

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here
Captcha verification failed!
CAPTCHA user score failed. Please contact us!

Most Popular Songs

Recent Comments

error: Praise The Lord!!