No menu items!
HomeRéveillons-Nous Chrétiens Kreyòl37 RCK – Lavi a vin di pou ou

37 RCK – Lavi a vin di pou ou

Pa dekouraje, pa dekouraje

Menm lèw nan mitan gwo pwoblèm

Lè moman yo pi difisil, pa dekouraje.

Konnen Jezi Sovè a

Se pi gwo matematisyen

Lape veye sou nou chak jou

Pa dekouraje.

1

Lavi a vin di pou ou

Tout bagay parèt nwa devan ou

Lannwit ou pa gen somèy

Kalkil anvayi ou

Menm nan vye moman sa yo

Pa bay satan viktwa

Rele Jezi, lap ede ou

Pa dekouraje.

2

Madanm, pitit, mèt malad

Kay la mèt pa genyen manje

Tout bagay kapab chanje

Si ou priye Bondye.

Se li ki pi bon patwon, ki pi bon doktè

Priyel, gras li va desann

Pa dekouraje.

3

Si tout moun abandonew, pa dekouraje

Si wap viv nan lamizè, pa dezespere

Rele Bondye nan syèl la

Dil men mwen devan ou

Li tou prèt poul sekouri ou

Pa dekouraje.

RELATED ARTICLES

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here
Captcha verification failed!
CAPTCHA user score failed. Please contact us!

Most Popular Songs

Recent Comments

error: Praise The Lord!!