No menu items!
HomeRéveillons-Nous Chrétiens Kreyòl36 RCK – Mwen pap janm bliye jou sa a

36 RCK – Mwen pap janm bliye jou sa a

1

Mwen pap janm bliye jou sa a

Lakay te blanch san anyen

Timoun yo tape kriye

Manman, papa, mwen grangou

Mwen bay madanm nan yon goud

Mwen dil pran li jan li ye

Se tout sam te posede

Map pati sou kont Bondye

Lèm rive nan estasyon

Mwen jwenn yon djòb maladjè

Sou yon kamyon Ansavo

A di goud aleretou

Timoun yo va jwenn yon pen

Rive sou tèt mòn Tapyon

Kamyon chavire avèm

Bondye sovem.

2

Mwen sonje yon lòt jou ankò

Nan ki eta mwen te ye

Levanjil tape preche

Mwen pat tande, mwen pat wè

Plezim se te bwè kleren

Mwen leve yon dimanch maten

Mwen jwenn madanm abiyel

Li mandem pou mal legliz

Lè sa a eskandal pete

Mwen pran kamyon mal Sodo

Ti plezi mwen te renmen

Chak ane m pa janm mankel

Lèm rive nan bwè kleren

Mwen tonbe san konesans

Mezanmi saw kwèk rive

Yo te voye mò sou mwen.

3

Ti Pyewo se gwo gangan

Yo mennenm al vizitel

Mezanmi depi sis jou

Sakrifis sou sakrifis

Lè mwen pa jwenn rezilta

Yo mennenm al kay Jako

Yon ti granmoun bouch flobop

Ki pat ka fè mwen miyò

Mezanmi m dezespere

Mape mande kotem ye

Lè sa a mwen sonje madanm

Ki tap palem de Jezi

Mwen rele Jezi Sovèm,

Se ou sèl ki pou sovem

Bagay nou pa ta vle kwè

Jezi sovem.

Sèl bon doktè, se Jezi Sovèm

Moun ki bay lavi, se Jezi Sovèm

Sèl reparatè, se Jezi Sovèm

Sèl konsolatè, se Jezi Sovèm.

RELATED ARTICLES

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here
Captcha verification failed!
CAPTCHA user score failed. Please contact us!

Most Popular Songs

Recent Comments

error: Praise The Lord!!