No menu items!
HomeMélodies Joyeuses Kreyòl33 MJK – Ala mèvèy nan yon krèch Kris vini

33 MJK – Ala mèvèy nan yon krèch Kris vini

1

Ala mèvèy nan yon krèch Kris vini,

Nan fòm yon moun pou li ban nou lavi.

Lanmou Bondye vin jwenn moun ki pèdi

Pale nan kè yo pou yo repanti.

Non Jezi se mèvèy, kouwòn li se mèvèy,

Byenfè li ak viktwa li se mèvèy.

Mòn Kalvè se mèvèy,

Gras li se mèvèy,

O Senyè nou, lanmou ou se mèvèy.

2

Lavi Jezi nan nou se gwo mèvèy,

Lanmou li pou tout moun pa gen parèy.

Bonte li manifeste san mezi

Pou moun ki akseptel ka gen lavi.

3

Ala mèvèy lanmò li bay viktwa!

Li te aksepte mouri sou yon kwa

Li leve vivan pou ban nou lavi

Konsa li kaba dènye lènmi.

RELATED ARTICLES

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here
Captcha verification failed!
CAPTCHA user score failed. Please contact us!

Most Popular Songs

Recent Comments

error: Praise The Lord!!