No menu items!
HomeChants D’esperance Kreyòl33 CDK – Senyè, pale mwen poum pale

33 CDK – Senyè, pale mwen poum pale

1

Senyè, pale mwen poum pale

Tankou yon eko vwa ou menm.

Kitem chache, menm jan kon ou,

Pitit ou ki pèdi, ki sèl.

2

Gidem Senyè poum ka gide

Pye moun ki pran move chemen.

Banm manje poum kapab nouri

Moun ki grangou ak lama-n ou.

3

Ban mwen fòs poum rete fidèl,

Kanpe sou yon wòch ki solid;

Pou mwen kapab lonje men tou

Ede moun kap bat ak lavi.

4

Senyè, montrem tout sa ki bon,

Pou mwen montre lòt moun yo tou;

Dirijem nan tout sa map fè,

Pou pawòl mwen touche kè yo.

5

Banm lapè ou ki tèlman dous,

Poum kapab pale ak dousè

Avèk tout moun ki nan detrès.

Epi ban mwen bèl pawòl ou.

6

Ranpli mwen jan ou vle, Senyè,

Jouk kèm kapab debòde tou;

Pou rakonte gran amou ou

Nan pawòl tankou nan aksyon.

7

Sèvi ak mwen janw vle, Senyè,

Kondui mwen tout kote ou vle;

Jouk tan ma wè fas beni ou,

Poum pataje glwa ak jwa ou.

RELATED ARTICLES

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here
Captcha verification failed!
CAPTCHA user score failed. Please contact us!

Most Popular Songs

Recent Comments

error: Praise The Lord!!