No menu items!
HomeChants D’esperance Kreyòl32 CDK – Mèt, pale, mwen menm map koute

32 CDK – Mèt, pale, mwen menm map koute

1

Mèt, pale, mwen menm map koute;

Map tann pawòl nan bouch ou.

Vwa ou ki fè mwen si kontan

Kèm swaf tande li toujou.

Mape koute ou, Seyè,

Kisa ou gen pou di mwen.

2

Mèt, rele mwen, site non mwen;

Dim se ak mwen wap pale.

Pou mwen kapab swiv ou pi byen;

Pou mwen mache san tranble.

Pale! Ou se Bon Bèje.

Mwen se mouton ou rachte.

3

Koute mwen avan mwen ale,

Mwen tankou yon moun pèdi

Mèt, pale! Se ou ki konnen

Tout bagay kè mwen anvi,

Tout sa nanm mwen bezwen vre;

Vini pale nan kè mwen.

4

Mèt, pale, e fè mwen pare

Lèm tande byen sa ou di,

San mize e ak kè kontan

Poum fè tout sa ou te di.

Mape koute ou, Mèt mwen;

Pale, Mèt, pale ak mwen.

RELATED ARTICLES

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here
Captcha verification failed!
CAPTCHA user score failed. Please contact us!

Most Popular Songs

Recent Comments

error: Praise The Lord!!