No menu items!
HomeRéveillons-Nous Kreyòl32 RNK – Kretyen pa dwe gen tristès

32 RNK – Kretyen pa dwe gen tristès

1

Kretyen pa dwe gen tristès

Tankou moun ki san espwa;

Men, konn ki moun nou ye

Nou se pitit yon Wa,

Mwen di nou anverite;

Sa se pawòl sèten,

Pou moun kap swiv Jezi

Pou kè nou pa twouble.

Refren

Nou dwe kontan,

Nou dwe jwaye

Menm zwazo pa plante,

Men li viv ere

Jezi va pran swen nou.

2

Men si lòm te gen lespri

Pou yo konnen jan Bondye bon

Yo ta met tèt ansanm

Yo ta viv tankou de pwason

Ki rete nan dlo lanmè;

Si nou te kite Bondye

Kondui nou jan li vle;

Nou ta wè jan sa bèl.

3

Bondye mete pye nan lòm,

Poul mache kote li vle

Li wè sa pa sifi

Toujou pou lòm mache;

Men gen peyi ki lwen anpil,

Li ba yo konesans

Pou fè avyon vole,

Pou yal kote yo vle.

4

Men lòm te dwe kalkile

Bondye fè yon sèl solèy

Li metel nan syèl,

Pou klere toupatou,

Tout kote nou ye sou tè a.

Men se yon sèl solèy

Pa gen youn ankò,

Ala gran Bondye gran.

RELATED ARTICLES

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here
Captcha verification failed!
CAPTCHA user score failed. Please contact us!

Most Popular Songs

Recent Comments

error: Praise The Lord!!