No menu items!
HomeRéveillons-Nous Kreyòl31 RNK – Nap viv nan yon ti tan

31 RNK – Nap viv nan yon ti tan

1

Nap viv nan yon ti tan

Lasyans ape fè pwogrè

Lè nou ouvri bib la,

Se bagay ki te ekri

Lèzòm al nan lalin

Poul kapab abite.

Refren

Bondye bay konesans

Pou chanje kè lèzòm,

Epi sa ki pi bèl,

Li fè yo al nan lalin

Men ou menm frè mwen,

Pigaw pèdi lafwa

Tout sa se pwofesi

Nou wè kape akonpli.

2

Frè mwen an Jezikri,

Annou travay pou mèt la

Ou menm kape priye

Miltipliye priyè ou

Ou menm kape preche

Mande Jezi direksyon

Si ou preche lachè

Ou met tèt ou nan erè.

3

Lèzòm al nan lalin

Yap chache sekirite

Gen lè yo te konprann

Yo tape wè Sovè a

Lè yo te rive,

Yo wè se tankou latè

Yo pat wè Letènèl

Epoutan lap gade yo.

4

Pitit Jezikri yo

Piga nou dekouraje

Gen yon jou kap vini,

Bondye pral mande nou kont,

E selon sa nou fè

Li va ban nou rekonpans;

Se sèlman Letènèl

Ki va genyen dwa sou nou.

RELATED ARTICLES

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here
Captcha verification failed!
CAPTCHA user score failed. Please contact us!

Most Popular Songs

Recent Comments

error: Praise The Lord!!