No menu items!
HomeRéveillons-Nous Kreyòl29 RNK – Te gen yon fanm ki te malad

29 RNK – Te gen yon fanm ki te malad

1

Te gen yon fanm ki te malad

Li pase douzan, li pat kapab geri.

Tout kote lale li pat jwenn gerizon

Li vin kouche, pou li tann lanmò li.

Refren

Pandan li kouche, li tande yap pale

Gen yon sovè ki fè anpil mirak,

Li pran kouraj li di konsa:

Mwen gen espwa

Map jwenn gerizon.

2

Yon joul leve, li te ale

Foul la anpil, li pat kapab antre

Li te fòsel touche wòb Jezi,

Menm lè sa a fanm nan te jwenn gerizon.

3

Pandan fanm nan touche wòb Jezi

Jezi santi li pa menm jan ankò

Li te kanpe, li di foul la:

Mwen santi yon moun ki touche wòb mwen.

4

Disip yo reponn, yo di Senyè:

Foul la anpil kòman ou fè konn sa

Fanm nan parèt, li di: Senyè,

Se mwen menm menm ki touche wòb ou a.

5

Fanm nan kanpe tou ap tranble

Jezi rete, li gade fanm nan;

Li di fanm nan: ou gen lafwa,

Avèk lafwa ou, ou jwenn gerizon.

RELATED ARTICLES

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here
Captcha verification failed!
CAPTCHA user score failed. Please contact us!

Most Popular Songs

Recent Comments

error: Praise The Lord!!