No menu items!
HomeGloire A L’Agneau Kreyòl24 GAK – Jezi, Jezi, Jezi ki renmen mwen

24 GAK – Jezi, Jezi, Jezi ki renmen mwen

1

Jezi, Jezi, Jezi ki renmen mwen

Li vin sou latè, li ban mwen lavi

Li mouri pou mwen e mwen sove

Jezi resisite mò e li te geri malad yo

Li chase demon li fè avèg yo wè

Li te geri lepre yo e menm paralitik yo

Jezi bon Sovè a te fè anpil mirak.

O mwen renmen li map adore li

Map chante pou li, se mèvèye.

2

Men yo te aretel yo te mennenl tribinal

Yo te fè anpil riz pou yo te pranl nan pyèj

Jezi pa te koupab men yo te kondane li

Yo te krisifye li, li resisite

Kounyè a li vivan map chante pou li

O wi mwen kontan li ban mwen lavi.

Li mouri pou nou tout, li ban nou lavi

Nou gen rekonesans, nap chante pou li

Jezi, Jezi

Si se pou Jezi nou ap chante

E si se nan Jezi nou mèt danse

Jezi, Jezi.

3

Li te mouri pou mwen, li te mouri pou ou

Sak fè li fè tout sa? paske li renmen nou

Li ale nan syèl la, lap retounen ankò

Pou li ka vin chache sa ki fè volontel

Li fè nou pwomès, sa se verite

Nou pa ka rete sann pa chante pou Jezi.

RELATED ARTICLES

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here
Captcha verification failed!
CAPTCHA user score failed. Please contact us!

Most Popular Songs

Recent Comments

error: Praise The Lord!!