No menu items!
HomeHaiti Chante Avec Radio Lumière Kreyòl23 HCK – Lemonn plen tristès ak mizè

23 HCK – Lemonn plen tristès ak mizè

1

Lemonn plen tristès ak mizè,

Kè nou chaje chak jou.

Jezi te pran tout fado nou yo

Sou mòn Kalvè pou nou.

Li vle pran tout fadow yo pou ou

Bò Kalvè, bò Kalvè.

Li vle pran tout fadow yo pou ou

Li tou pre nou toujou.

2

Lage tout chay ou sou Jezi,

Kite krent ak sousi.

Paske Jezi wete fado nou,

Sou Kalvè li mouri.

3

Nanm twouble, Senyè a konnen

Chagren ki nan kè ou.

Men li vle wete tout fado yo

Sou mòn Kalvè pou ou.

RELATED ARTICLES

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here
Captcha verification failed!
CAPTCHA user score failed. Please contact us!

Most Popular Songs

Recent Comments

error: Praise The Lord!!