No menu items!
HomeEcho Des Elus Kreyòl56 EEK – Annou travay, annou konbat

56 EEK – Annou travay, annou konbat

1

Annou travay, annou konbat

Jezikri ap vini

Annou kenbe, ann pa lage

Li pa lwen poul vini

Ala yon bèl jou sa va ye pou nou

Lè na monte avèl.

Annatandan Jezi retounen

Ann viv yon vi ki sen.

Kretyen! Reveye nou

Jezi ap retounen

Pa rete nan dòmi

Nou pa konnen ki jou.

2

Se bèl bagay, lè li vini

Nou pap mache nan nwa

Men lap genyen pou li jije

Sa yo ki enkredil

Si ou pa kwè nan Jezikri

Li va gen poul jijew

Pito ou mete laviw annòd

Epi rete sensè.

3

Se bèl bagay lè Kris vini

Nou pap mouri ankò

Wi, pisans lanmò pral kaba

Nou pral viv pou tout tan

Nou pral pase letènite nan syèl

Ansanm ak Sovè nou

Mete konfyans ou nan Jezikri

Epi rete fidèl.

RELATED ARTICLES

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here
Captcha verification failed!
CAPTCHA user score failed. Please contact us!

Most Popular Songs

Recent Comments

error: Praise The Lord!!