No menu items!
HomeChants D’esperance Kreyòl123 CDK – Yon pòv te sèl chita bò gran chemen an

123 CDK – Yon pòv te sèl chita bò gran chemen an

1

Yon pòv te sèl chita bò gran chemen an

Li te avèg, li pa te kapab wè;

Rad li chire, li tranble nan lonbraj la

Jezi vini, tenèb li vin limyè.

Lè Kris vini, pisans satan fin brize

Lè Kris vini, dlo nan je yo siye

Li pran tristès,

Lavi nou plen ak lajwa;

Nou vin chanje lè Kris vini rete.

2

Move lespri te chasel lwen lakay li

Pami tonm yo, l te rete nan mizè

Li koupe kòl lè demon yo anparel,

Jezi vini e lage li menm lè.

3

Enpi! Enpi! Lepre a te nan touman

Soud e bèbè, yo pat bal èd ditou

Lafyèv nan zol, maladi fin kaba yo;

Jezi vini, li wete tout freyè.

4

Kè yo te tris lè yo metel nan tonm nan,

Paske lanmò te wete tout espwa;

Yo te andèy e je yo te tou plen dlo,

Jezi vini, penn yo chanje anjwa.

5

Konsa lèzòm twouve Sovè a gen fòs;

Yo pat kapab venk pasyon e peche,

Kè yo brize, kite yo tris e tousèl,

Jezi vini, li vini pou rete.

RELATED ARTICLES

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here
Captcha verification failed!
CAPTCHA user score failed. Please contact us!

Most Popular Songs

Recent Comments

error: Praise The Lord!!