No menu items!
HomeHaiti Chante Avec Radio Lumière Kreyòl66 HCK – Anndan Pawòl Bondye na jwenn

66 HCK – Anndan Pawòl Bondye na jwenn

1

Anndan Pawòl Bondye na jwenn

Yon trezò verite kache,

Men si nou fouye trezò sa a

Richès li va manifeste.

Chache pou prezante ou devan Bondye

Tankou yon ouvriye epwouve tout kote,

Ki pap wont lè li parèt devan Letènèl,

Ki fidèl nan bay Levanjil la.

2

Se pou ou li Bib ou chak jou,

Pou pwofite richès Lespri,

Konsa wa pwospere toutbon,

Pwojè ou yo va reyisi.

3

Bib la montre chemen lavi

E Kris peye dèt peche nou;

Men, fòk nou konnen Bib la byen,

Pou eksplike mesaj la tou.

4

Se moun Bondye te enspire

Ki te ekri Pawòl sakre;

E lè jijman dènye rive,

Se nan liv sa a moun va jije.

RELATED ARTICLES

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here
Captcha verification failed!
CAPTCHA user score failed. Please contact us!

Most Popular Songs

Recent Comments

error: Praise The Lord!!