No menu items!
HomeChants D’esperance Kreyòl111 CDK – Annou travay pou Senyè a

111 CDK – Annou travay pou Senyè a

1

An nou travay pou Senyè a

Avan solèy la kouche

Poun anonse bòn nouvèl li toupatou,

E lè Jezi va tounen pou

Chache tout fidèl li yo,

Lè lapèl la fèt nan syèl la nou va la.

Lè lapèl la fèt nan syèl la (4 fwa)

Nou va la.

2

Nou pa gen poun dekouraje

Malgre chemen difisil,

E tristès pap fè nou mache tèt anba.

Pandan nape tann Senyè a

Ki va parèt anlè a,

Lè lapèl la fèt nan syèl la nou va la.

3

Gen anpil mouton ki pèdi,

Ki egare nan peche;

Yo pa konnen si nou

Gen yon bon Bèje.

An nou chache yo pou Jezi

Fè yo antre nan pak li,

Lè lapèl la fèt nan syèl la, yo dwe la.

RELATED ARTICLES

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here
Captcha verification failed!
CAPTCHA user score failed. Please contact us!

Most Popular Songs

Recent Comments

error: Praise The Lord!!