No menu items!
HomeGloire A L’Agneau Kreyòl1 GAK – Lòtbò pon an pap genyen tristès

1 GAK – Lòtbò pon an pap genyen tristès

1

Lòtbò pon an pap genyen tristès,

Lòtbò pon an pap gen traka;

Solèy klere lòtbò rivyè a,

E moun pap janm genyen dlo nan je ankò.

Si latè ta pran dife

Kote n prale abite? (2 fwa, 2 liy)

Na prale, na prale, na prale abite ak Jezi. (2 fwa)

Mwen se sòlda Jezi; (2 fwa)

Menm si mwen pa abiye an kaki,

Pote yon revolvè, tire fizi anlè,

Menm si mwen pa gouvène bato a.

Mwen se sòlda Jezi.

Pandan Jezi te sou lanmè a avèk disip li yo

Nan yon ti kannòt, yo tap vwayaje.

Nan moman sa a yon tanpèt te leve; (2 fwa)

Jezi te nan dòmi, Pyè te pèdi lafwa

Li di Senyè men nap peri.

Menm lè a Jezi leve nan dòmi,

Li menase van, li menase lanmè a,

Tanpèt la te rete.

Jezi di Pyè pouki ou pèdi lafwa; (2 fwa)

Te kwèm te di ou, depim la avèk ou

Ou pa bezwen pè, gade kal ou.

Pandanm soti an Galile

Mwen wè Jezi ape vini (2 fwa, 2 liy)

Dlo a chanje. (3 fwa)

Men dlo a tounen diven

Gade mirak Jezikri fè,

Men dlo a tounen diven.

Map vwayaje, map vwayaje, map vwayaje

Nan peyi Kanaran an. (2 fwa, 2 liy)

Ki bato wap pran, bato, bato Sentespri a.

Banm yon chans

Poum ka reviv ankò, Senyè. (2 fwa, 2 liy)

Malgre traka, malgre soufrans nan lavi sa a

Banm yon chans poum ka reviv ankò.

RELATED ARTICLES

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here
Captcha verification failed!
CAPTCHA user score failed. Please contact us!

Most Popular Songs

Recent Comments

error: Praise The Lord!!