No menu items!
HomeChants D’esperance Kreyòl93 CDK – Mape mache sèl ak Jezi

93 CDK – Mape mache sèl ak Jezi

1

Mape mache sèl ak Jezi

Nan yon kominyon san fen

Lemonn pa kapab fèm plezi

Mwen pou Kris, e Kris pou mwen.

Mwen te wè li, mwen konnen li!

Li fè mwen mache avèl;

E li fèm kado prezans li,

Se yon kado etènèl.

Ki gran glwa, wè bèl prezans li,

Ki gran jwa, wèl fasafas!

Mwen ba li lavim pou tout tan,

Li te sovem nan lagras.

2

Sou montay la mwen te wè li;

Kris, konsolatè, zanmi;

Laglwa vizyon sa a va rete

Jouktan lavi mwen fini.

3

Nan tout doulè ak feblès mwen,

Malgre kèm te fin kraze,

Toujou mwen santi prezans li,

Li te wetem nan peche.

4

Nan tenèb la, nan lonbraj la

Ak Sovè a mwen fè wout;

E leson lap anseye mwen

Fèm vle swiv li koutkekout.

RELATED ARTICLES

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here
Captcha verification failed!
CAPTCHA user score failed. Please contact us!

Most Popular Songs

Recent Comments

error: Praise The Lord!!