No menu items!
HomeRéveillons-Nous Chrétiens Kreyòl9 RCK – Sonje byen zanmi nan lavi

9 RCK – Sonje byen zanmi nan lavi

1

Sonje byen zanmi nan lavi

Yon tan pou chak bagay

Pa gen pwofesi ki va akonpli avan lèl

Pa janm twò prese

Twò prese pa fè nou rive vit

Ale pi dousman kanmenm

Ou genyen pou rive.

Yon tan pou plante,

Yon tan pou nou rekòlte;

Yon tan pou kriye,

Yon tan pou nou konsole, zanmi mwen

Ou mèt asire kanmenm sa gen poul fini.

Pwofite tan sa a, chanje lavi nou

Pwofite tan sa a, ranje lavi nou

Kite enkredilite, tout malis kache

Kite idolatri, ann chache ranje lavi nou

Pwofite tan sa a, kanmenm sa gen poul rive.

2

Konnen nan tan sa a

Byenneme yon moun dwe gen pasyans

Siw pa gen pasyans

Ou pa kapab sèvi Bondye

Lè pouw delivre byenneme fòk ou genyen pasyans

Se poun tann Bondye

Byenneme poun ka delivre.

3

Lè nou gen pwoblèm

Byenneme nou pap dekouraje

Nou mèt asire Bondye

Genyen yon plan pou ou

Li fè nou pwomès, byenneme,

Nou ka envoke li

Joun va delivre, aprè sa nou va ba li glwa.

RELATED ARTICLES

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here
Captcha verification failed!
CAPTCHA user score failed. Please contact us!

Most Popular Songs

Recent Comments

error: Praise The Lord!!