No menu items!
HomeChants D’esperance Kreyòl67 CDK – Lè mwen te chache Bondye

67 CDK – Lè mwen te chache Bondye

1

Lè mwen te chache Bondye,

Mwen menm pechè pèdi,

Pou mandel padon pechem

Nan non Sovè Jezi,

Li koute tout kri kè mwen

Touswit li fèm kontan;

Paske Jezi pran fadom

E li te banm yon chan.

Wi Jezi te pran fadom

Mwen pat kapab potel,

Wi Jezi te pran fadom

Li peye dèt pechem.

Tout krent mwen yo te soti,

Li te fè kèm kontan;

Paske Jezi pran fadom

E li te banm yon chan.

2

Pafwa chemen an glise,

Gen pa ki difisil,

Pafwa mwen fèb, mwen bouke,

Zeprèv yo pa fasil;

Men lèm metem ajenou:

«O Senyè, jouk ki tan…?»

Lè sa a Jezi pran fadom.

Toujou li banm yon chan.

3

Yon jou tristès te krazem,

M te pèdi tout espwa.

Chaj, doulè ak touman mwen

Te sanble twòp, mil fwa.

Lè sa a yon vwa vin palem:

«Ou pou mwen sètènman.»

Lè sa a Jezi pran fadom.

E li te banm yon chan.

4

Ma met konfyans mwen nan li,

Li konnen tout chemen.

Li va gidem ak je li

Nan pelerinaj mwen.

E ma pale nan syèl la

Pou tout syèk ak tout tan

Kòman Jezi pran fadom

E plen kèm ak yon chan.

RELATED ARTICLES

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here
Captcha verification failed!
CAPTCHA user score failed. Please contact us!

Most Popular Songs

Recent Comments

error: Praise The Lord!!