No menu items!
HomeRéveillons-Nous Kreyòl59 RNK – Jezi se ou menm ki sovè a

59 RNK – Jezi se ou menm ki sovè a

1

Jezi se ou menm ki Sovè a,

San ou menm mwen pa genyen lavi (3 fwa)

Refren

Yo panse fè mwen mal,

Mal la chanje an byen.

Se pou glwa Bondye manifeste (2 fwa)

2

Yo pranm, yo lagem nan sitèn nan,

Poum pèdi lavi materyèl mwen;

Jezi ki konnen sa li pral fè,

Mwen kouri lage mwen nan bra li.

3

Malgre mwen nan bouch delivrans mwen;

Satan vin poul lagem nan lemonn

Jezi ki ranpli ak tout fòs li

Mwen kouri lage mwen nan bra li.

4

Jezi, menm nan mitan brigan yo

Tou sa mwen fè, yo leve kont mwen

Si ou pa vire je gade mwen,

Brigan yo va lagem nan lemonn.

5

Malgre mwen nan bouch delivrans mwen

Madanm Potifa vin pou jetem;

Madanm Potifa kenbe rad mwen,

Mwen kouri lage vès mwen ba li.

RELATED ARTICLES

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here
Captcha verification failed!
CAPTCHA user score failed. Please contact us!

Most Popular Songs

Recent Comments

error: Praise The Lord!!