No menu items!
HomeChants D’esperance Kreyòl56 CDK – Glwa pou Bondye ki nan syèl la

56 CDK – Glwa pou Bondye ki nan syèl la

1

Glwa pou Bondye ki nan syèl la

Glwa pou Bondye sou latè tou.

Glwa pou li maten, midi, swa

Glwa pou Bondye nou toupatou.

2

Mèsi Bondye pou solèy la

Kap klere nou, kap chofe nou.

Mèsi Bondye pou lapli a

Ou bay pou wouze jaden nou.

3

Mèsi Bondye pou fanmi nou;

Pou manman, papa, pitit tou;

Mèsi pou tout frè, sè nou yo,

Ki renmen nou, sipòte nou.

4

Mèsi Bondye pou zanmi nou,

Mèsi pou tout frè levanjil;

Pou sè nou yo nan legliz ou,

Nou tout se yonn nan Jezikri.

5

Mèsi Bondye pou lanmou ou

Mèsi Bondye, pou Jezikri.

Mèsi anpil pou Sentespri

Kap gide nou, konsole nou.

6

O! Padone tout peche nou;

Netwaye tout anndan kè nou.

Ban nou gras ou jou apre jou

Poun kapab fè volonte ou.

7

Beni Bondye ki renmen nou

Beni li, tout moun toupatou

Ak zanj nan syèl yo ann beni.

Papa, Pitit e Sentespri.

RELATED ARTICLES

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here
Captcha verification failed!
CAPTCHA user score failed. Please contact us!

Most Popular Songs

Recent Comments

error: Praise The Lord!!