No menu items!
HomeHaiti Chante Avec Radio Lumière Kreyòl5 HCK – Va genyen yon limyè ki sòti nan syèl la

5 HCK – Va genyen yon limyè ki sòti nan syèl la

1

Va genyen yon limyè ki sòti nan syèl la

Lèm fini pase wout lavi sa a,

Soulajman tout fado ape tann mwen anwo,

Lèm fini pase wout lavi sa a.

Lè vwayaj la fini epi jou mwen rive

Ma rantre nan site selès la

Paske bon Sovèm nan

Ape tann mwen laba

Lèm fini pase wout lavi sa a.

2

Malgre wout la move byento ma va chante

Lèm fini pase wout lavi sa a,

Si mwen pèsekite, Kris va fè mwen bliye

Lèm fini pase wout lavi sa a.

3

Pòt syèl la va louvri e ma wè Jezikri,

Lèm fini pase wout lavi sa a,

Ma va adore li pou gran delivrans sa a

Lèm fini pase wout lavi sa a.

RELATED ARTICLES

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here
Captcha verification failed!
CAPTCHA user score failed. Please contact us!

Most Popular Songs

Recent Comments

error: Praise The Lord!!