No menu items!
HomeHaiti Chante Avec Radio Lumière Kreyòl40 HCK – Pre Bètleèm zanj yo tap chante

40 HCK – Pre Bètleèm zanj yo tap chante

1

Pre Bètleèm zanj yo tap chante,

Bòn nouvèl lemonn yo tap pote;

O! Chan mèvèye, louwanj pou Bondye

Pou anonse nesans yon Wa.

Glwaradye zanj yo chante!

Glwaradye vwa yo sonnen!

O! Chan mèvèye, louwanj pou Bondye

Pou anonse nesans yon Wa.

2

Tou sezi bèje yo adorel,

Ak trezò yo, maj yo vin chachel,

Lè yo wè zetwal, sa ki pi briyan an

Li anonse nesans yon Wa.

3

Bèje pwoklame temwayaj nou

E maj yo fòk nou temwaye tou,

Mesaj ki pi bèl, ki soti nan syèl

Nap anonse nesans yon Wa.

4

Ki sa ma fè avèk mesaj sa a?

Kap sove nenpòt moun ki kwè a?

Depi Nwèl rive, mwen pa dwe kachel

Map anonse nesans yon Wa.

RELATED ARTICLES

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here
Captcha verification failed!
CAPTCHA user score failed. Please contact us!

Most Popular Songs

Recent Comments

error: Praise The Lord!!