HomeHaiti Chante Avec Radio Lumière Kreyòl41 HCK – Pafwa lè kè mwen vle doute

41 HCK – Pafwa lè kè mwen vle doute

1

Pafwa lè kè mwen vle doute

Em pa kapab wè solèy,

Mwen voye je mwen sou Jezi

Tanpri, Mèt, pilote mwen.

Kè

Pa pè paskem avèk ou,

Ma toujou pilote ou;

Pa okipe vag lanmè a,

Konfyew nan mwen pou toujou.

2

Souvan lè nanm mwen fatige

E jounen an vle trennen,

Mwen gade kote pilòt la,

E se chan sa a mwen tande.

3

Lè mwen anba gwo tansyon,

Em prèske pèdi chemen;

Nan mitan tanpèt dechennen,

Sovè a pale ak mwen.

4

Lè mwen rive bò jouden an,

Rivyè a ap debòde;

Sou rivaj la mwen wè Sovèm

Ki la pou pilote mwen.

RELATED ARTICLES

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here
Captcha verification failed!
CAPTCHA user score failed. Please contact us!

Most Popular Songs

Recent Comments