No menu items!
HomeEcho Des Elus Kreyòl31 EEK – Jezi pa lwen pou li vini

31 EEK – Jezi pa lwen pou li vini

1

Jezi pa lwen pou li vini

Sa wap tann pou ou prepare

Eske Jezi pa te di ou

Lap vini tankou yon vòlè

Siw te konnen lè lap vini

Ou ta lonje pyew jan ou vle

Apre sa nou ta prepare

Poun tann Jezi.

Puiske nou pa konnen ki lè

Bon Sovè a pral retounen (2 fwa)

Annou jete tout vye peche

Annou lage tout vye plezi

Annou priye, annou veye

Kris pral vini.

2

Yon nasyon va kont yon nasyon

Yon wayòm va kont yon wayòm

Menm legliz va kont lòt legliz

Manman, papa va kont pitit

Lè na wè tout bagay sa yo

Konnen Jezi prèt pou vini

Annou priye, annou veye

Kris pral vini.

3

Yo va di men li nan mòn nan

Yo va di menl nan vale a

Yo va di men li nan zòn Nò

Yo va di men li nan zòn Sid

Menm si yo fè zetwal desann

Menm si yo fè dife sot nan syèl

Pa fè ni adwat ni agoch

Ann rete fèm.

RELATED ARTICLES

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here
Captcha verification failed!
CAPTCHA user score failed. Please contact us!

Most Popular Songs

Recent Comments

error: Praise The Lord!!