No menu items!
HomeChants D’esperance Kreyòl23 CDK – Mwen Kanpe, m sezi nan prezans

23 CDK – Mwen Kanpe, m sezi nan prezans

1

Mwen Kanpe, m sezi nan prezans

Jezi, redanmtè beni;

Pou jan li montre li renmen

Mwen menm, yon pechè pèdi!

Ala mèvèy! Ala mèvèy!

Mwen va chante pou tout tan.

Ala mèvèy! Ala mèvèy!

Amou Jezi gen pou nou.

2

Se pou mwenl tal nan jaden an,

Priye poum te ka sove;

Li pa te kriye pou tèt pal;

Pou mwen se san li te swe.

3

Li te pran peche ak penn mwen,

Kòm si tou sa te pou li;

Li pote yo tout sou Kalvè,

Se lal soufri, li mouri.

4

Lèm va wè fas li nan syèl la,

Ak rachte yo nan laglwa,

Mwen va vle chante amou li;

Se nan sa ma jwenn tout jwa.

RELATED ARTICLES

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here
Captcha verification failed!
CAPTCHA user score failed. Please contact us!

Most Popular Songs

Recent Comments

error: Praise The Lord!!