No menu items!
HomeEcho Des Elus Kreyòl13 EEK – Mwen gen yon je kap veye sou mwen

13 EEK – Mwen gen yon je kap veye sou mwen

1

Mwen gen yon je kap veye sou mwen

Menm si yo pa wè pèsonn

Mwen pa bezwen pè ni doute

Paske sovèm ap veyem

Li fèm pwomès li avèk mwen

Toulèjou jiska lafen

Mwen gen yon je

Kap veye sou mwen toulèjou.

2

Mwen gen yon je kap veye sou mwen

Lè map monte montay yo

Mwen gen yon je kap veye sou mwen

Lè map travèse plèn yo

Li konn lèm kouche, lèm leve

Sovèm nan pa janm dòmi.

Mwen gen yon je

Kap veye sou mwen toulèjou.

3

Mwen gen yon je kap veye sou mwen

Malgre kòm gen poul mouri

Bondye ap fè li viv ankò

Lap pare yon plas pou mwen.

Menm lè syèl la ta va fènwa

Li toujou bò kote mwen

Mwen gen yon je

Kap veye sou mwen toulèjou.

4

Mwen gen yon je kap veye sou mwen

Menm sim ta mache nan dife

Li va vlope mwen nan manto li

Pou flanm yo ka pa boulem

Mwen gen yon je kap veye sou mwen

Menm lè lanmè a move

Mwen gen yon je

Kap veye sou mwen toulèjou.

5

E lè jou sa yo va tèmine,

Lè monn sa a va fin pase.

Map chita pami tout bèl zanj yo

Poum louwe Bondye mwen an

Pou mwen rakonte grandè li

Jan li fidèl, jan li bon.

Mwen gen yon je

Kap veye sou mwen toulèjou.

RELATED ARTICLES

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here
Captcha verification failed!
CAPTCHA user score failed. Please contact us!

Most Popular Songs

Recent Comments

error: Praise The Lord!!