No menu items!
HomeChants D’esperance Kreyòl128 CDK – Senyè kondui mwen chak jou

128 CDK – Senyè kondui mwen chak jou

1

Senyè kondui mwen chak jou

Kote ou vle pou male;

Fèm konnen volonte ou,

Montre mwen sam gen pou fè.

2

Ban mwen kouraj nan danje,

Montrem chache sekou ou,

Fèm konn ou kapab sove,

Kenbe mwen nan lanmou ou.

3

Lè mwen tante pou fè mal,

Fè mwen rete fò e fèm,

E lè mwen kanpe tousèl,

Avèk men ou pwotejem.

4

Lè kè mwen ranpli ak jwa,

Ede mwen poum sonje ou.

Sa ki fè mwen pi kontan

Se lanmou ou gen pou mwen.

5

Lè travay mwen sanble di

Edem gen pèseverans.

Nan soufrans, nan maladi

Banm kouraj avèk pasyans.

6

Edem fè tou sa ki bon,

Kòm pitit ou sou latè.

Lè lavi mwen va fini,

Kite mal nan syèl ak ou.

RELATED ARTICLES

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here
Captcha verification failed!
CAPTCHA user score failed. Please contact us!

Most Popular Songs

Recent Comments

error: Praise The Lord!!