No menu items!
HomeRéveillons-Nous Kreyòl1 RNK – Kòm Bib la menm te di

1 RNK – Kòm Bib la menm te di

1

Kòm Bib la menm te di

Nap viv nan dènye tan an;

Antekris yo deja toupatou nan lemonn

Ou menm ki te avèti, kenbe Bib ou fò

Lè a deja rive, Sovè a pral parèt.

Ou menm pechè, vin jwenn Jezi

Fè yon retou nan Jezikri;

Li si fidèl, la sove ou.

2

Matye 24 pale: lagè gen pou rive

Avèk tout katastwòf ki va rive toupatou.

Vrèman se sa nou wè, sou latè pa gen pè

Se lagè ak soufrans, traka ak lanmò.

3

Patou sou latè sa a pa gen senserite

Se manti ak kout lang; krim, adiltè, lanmò

Bib la te di tou sa; e yape fèt chak jou

Bondye wete lapè ki te nan lemonn.

4

Gen anpil jèn gason avèk anpil jèn fi

Yap pwofite tan an, yap rejwi nan peche

Si yo te gen bon sans, yo ta vin jwenn Jezi

Pa gen anyen k serye nan vi sou tè sa a.

RELATED ARTICLES

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here
Captcha verification failed!
CAPTCHA user score failed. Please contact us!

Most Popular Songs

Recent Comments

error: Praise The Lord!!