No menu items!
HomeChants D’esperance Kreyòl77 CDK – Gen yon zanmi, yon bon zanmi

77 CDK – Gen yon zanmi, yon bon zanmi

1

Gen yon zanmi, yon bon zanmi

Ki renmenm depi tout tan.

Li sove nanm mwen ak lanmou,

Ak pisans li, li kenbem.

Pèsonn pa ka kase chenn nan.

Li kenbem ak lanmou li

Mwen pou li menm, li pou mwen tou,

Pout tout tan e pou tout tan.

Mwen pou li menm, li pou mwen tou

Pou tout tan e pou tout tan. (2 liy, 2 fwa)

2

Gen yon zanmi, yon bon zanmi.

Li te mouri pou sovem;

Li ban mwen yon kado lavi,

Kado sa a, se li menm menm.

Tou sam genyen, youn pa pou mwen,

Yo tout se pou zanmim nan;

Kè mwen, lavim, tout se pou li,

Tout se pou li pou tout tan.

3

Gen yon zanmi, yon bon zanmi,

Li gen bon kè, li renmenm.

Li se yon gid, yon konseye,

Epi li konn defann mwen.

Ki moun ki kapab separem

Avèk yon zanmi kon li?

Ni nan lanmò, ni nan lavi

Mwen pou li nèt pou tout tan.

RELATED ARTICLES

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here
Captcha verification failed!
CAPTCHA user score failed. Please contact us!

Most Popular Songs

Recent Comments

error: Praise The Lord!!