No menu items!
HomeEcho Des Elus Kreyòl62 EEK – Pouki moun palè kristal sa a

62 EEK – Pouki moun palè kristal sa a

1

Pouki moun palè kristal sa a

Se pou mwen ak Jezikri,

Pouki moun fotèy annò yo?

Se pou mwen ak rachte yo.

Refren

Se yon bèl palè kristal

Avèk anpil chèz annò

Pou tout moun ki vle ale

Avèk Senyè Jezi.

2

Jerizalèm nan bèl anpil,

Li pi bèl pase dyaman

Li soti kote Bondye menm

E li gen tout glwa Bondye.

3

Pa bezwen solèy ak lalin

Pou klere nou jou e nwit

Men laglwa Bondye va briye

Limyè li va yon flanbo.

4

Pap gen krent, doulè ak touman

Ni lanmò, ni maladi

Medizans, koutlang va fini

Se lajwa, lanmou san fen.

5

Ala yon bèl jou sa va ye,

Lè twonpèt la va sonnen

Pou tout mò nan Kris yo leve

Pou yal rankontre Jezi.

RELATED ARTICLES

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here
Captcha verification failed!
CAPTCHA user score failed. Please contact us!

Most Popular Songs

Recent Comments

error: Praise The Lord!!