No menu items!
HomeRéveillons-Nous Kreyòl42 RNK – Lè nou nan dezè a

42 RNK – Lè nou nan dezè a

1

Lè nou nan dezè a

Lè nou gade syèl la

Nap sonje gen lòt kay

Papa n al prepare;

Si nou fè volontel,

Lap ban nou yon kouwòn.

Refren

Satan patisipe prèske nan tout bagay;

Si Jezi pa te la, di mwen sa mwen ta fè (bis 2 liy)

2

Mwen santim vle ale;

se pase map pase

Mwen pa moun isiba

Vwayajè wout mwen long;

Peyim se nan syèl la;

Si Bondye ede mwen.

3

Kamyon an trè chaje;

Gen lèl pral chavire

Bato a pral koule;

Jezi se vòl dirèk

Se nan li mwen konfyem

Se li menm kap sovem.

4

Nap priye, satan la;

Nap mache satan la

Nap dòmi satan la

Nap jene satan la

Nan misyon satan la

Satan nan tout bagay.

5

Nap jwaye, satan la:

Nap preche, satan la,

Nan legliz, satan la;

Nou vire, satan la

Nou tounen, satan la.

Satan nan tout bagay.

RELATED ARTICLES

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here
Captcha verification failed!
CAPTCHA user score failed. Please contact us!

Most Popular Songs

Recent Comments

error: Praise The Lord!!