No menu items!
HomeL’Ombre Du Réveil Kreyòl40 ORK – Mwen tande bri a kouri

40 ORK – Mwen tande bri a kouri

1

Mwen tande bri a kouri

Menm senkant fwa deja

Jodia Zòrèy mwen tandel

Se sak fèm kwè se vre

Golyat kanpe devanm

Ala yon gwo gason!

Chak mok soti nan bouch li

Te fè chevem sekwe.

Wi, Golyat, ou gwo nèg vre

Men wap pèdi batay la

Lè piti ki devan ou la

Kanpe nan non Bondye

Ni pisans, fòs ak ladrès

Se Bondye ki bay yo.

Jodia, monchè Golyat

Ti zwazo pral bwè sanw.

2

Tout pèp la te reyini

Je yo tout te sou mwen

Lè Golyat tape pwoche

Li pansel tap krazem

Je li te fè zeklè

Misye fache tout bon

Menm lè epel anlè

M konnen m tap gen viktwa.

3

Wi, mwen kraze Golyat vre

Avèk yon ti grenn wòch

Pisans Bondye a fèm

Disparèt towo sa a

Peche yo se Golyat

Lè yo vin sou wout mwen

Mwen rele Bondye Wa tout wa a

Mwen gen viktwa sou yo.

RELATED ARTICLES

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here
Captcha verification failed!
CAPTCHA user score failed. Please contact us!

Most Popular Songs

Recent Comments

error: Praise The Lord!!