No menu items!
HomeHaiti Chante Avec Radio Lumière Kreyòl28 HCK – Apre fatig ak travay sou latè

28 HCK – Apre fatig ak travay sou latè

1

Apre fatig ak travay sou latè,

Difikilte va fini.

Lèm fin pase tout tristès isiba,

Anfen mwen va wè Jezi.

Men li la lap esperem,

Jezi Sovèm e Wam;

Enstale sou twòn li,

Lap swetem byenvini

Lè vwayaj mwen fini.

2

Lè maladi ak soufrans fin pase,

E mwen rann dènye soupi;

Apre batay map espere lapè,

Anfen mwen va wè Jezi.

3

Lè solèy kouche e li fènwa nèt,

Lè tout bagay akonpli;

Map espere tande vwa bon Sovèm,

Anfen mwen va wè Jezi.

RELATED ARTICLES

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here
Captcha verification failed!
CAPTCHA user score failed. Please contact us!

Most Popular Songs

Recent Comments

error: Praise The Lord!!