No menu items!
HomeEcho Des Elus Kreyòl25 EEK – Mwen sonje yon jou, mwen te san espwa

25 EEK – Mwen sonje yon jou, mwen te san espwa

1

Mwen sonje yon jou, mwen te san espwa

Kèm tap boulvèse ak pwoblèm lavi

Pandanm tap panse dlo kouri nan jem

O! Ala soufrans lèw pa gen Jezi.

2

Mwen kouri agoch, mwen kouri adwat

Nan mache prese, machin manke frapem

Tout kotem pase pòt bloke pou mwen

O! Ala soufrans lèw pa gen Jezi.

3

Madanm vin malad, mwen pa nan travay

Doktè egzijem poum ba li lajan

Sim pa debouyem madanm ap mouri

O! Ala soufrans lèw pa gen Jezi.

4

Mwen leve yon jou

Mwen chita sou yon wòch

Yon madanm pase

Li mandem sam genyen

Mwen metel chita poum rakonte li

O! Ala soufrans lèw pa gen Jezi.

5

Depim vin jwenn Kris madanm pa malad

Pi gwo maladi se ti lafyèv, grip

Si gen moun nan sal lak poko gen Jezi

Kèm fèm mal pou ou chache gen Jezi.

RELATED ARTICLES

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here
Captcha verification failed!
CAPTCHA user score failed. Please contact us!

Most Popular Songs

Recent Comments

error: Praise The Lord!!