No menu items!
HomeRéveillons-Nous Kreyòl13 RNK – Kretyen, Letènèl konnen

13 RNK – Kretyen, Letènèl konnen

1

Kretyen, Letènèl konnen

Satan genyen pisans

Li fè nou nan prezans li,

Lave nou toulejou

Priye veye jou e nwit,

Satan pa nan dòmi.

Jezi la toulejou

Si n konfye n nan li sèl.

Refren

Jezi sove nou, li delivre nou.

Jezikri la, li avèk nou, li pa pi lwen. (2 fwa)

2

Lèm te chita nan legliz,

M te dim ansyen;

M te mete baryè

Pou levanjil pa preche

Kris konnen moun li chwazi

Pou preche levanjil

Fòk mwen preche levanjil,

Jezi ban mwen pisans.

3

Levanjil ki pou preche

Pou kè yo konvèti

Fòk se pa san ak lachè,

Lògèy, filozofi.

Obeyisans nan lafwa

Ak pisans Sentespri

Sentespri la tout tan

E li va ede nou.

4

Lèm tap chwazi relijyon

M te chaje ak lògèy,

Moun pat pale avèk mwen

Poum pat bay repons,

Lè Jezi rantre nan kè mwen.

Mwen vin chanje konplètman.

Kris fèm konnenl pran chay mwen

Se poum rete kotel.

RELATED ARTICLES

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here
Captcha verification failed!
CAPTCHA user score failed. Please contact us!

Most Popular Songs

Recent Comments

error: Praise The Lord!!