No menu items!
HomeChante Avec Les Artistes Chrétiens12 CAC – Batay sa a pa batay pam

12 CAC – Batay sa a pa batay pam

1

Batay sa a pa batay pam

Se batay Letènèl li ye (2 fwa, 2 liy)

Dosye sa a pa dosye pam

Se dosye Letènèl li ye (2 fwa, 2 liy)

Kite Bondye aji pou ou

Pa kriye pa touye tèt ou (2 fwa, 2 liy)

Ti malfektè kap ba ou pwoblèm nan

Pi devan ou pap wè yo ankò

Ti masonlòj kap ba ou pwoblèm nan

Pi devan ou pap wè yo ankò.

2

Konba sa a pa konba pam

Se konba Letènèl li ye (2 fwa, 2 liy)

Kite Bondye aji pou ou

Pa kriye pa touye tèt ou (2 fwa, 2 liy)

Bann malfektè ki pa vle wèm yo

Pi devan ou pap wè yo ankò

Vye lanmè wouj ki kanpe devanw lan

Pi devan ou pap wè yo ankò

Moun kap fè konplo sou dow yo

Pi devan ou pap wè yo ankò.

3

Pwoblèm sa a pa pwoblèm pam

Se pwoblèm Letènèl li ye (2 fwa, 2 liy)

Pa ka marye sa a pa ka marye pam

Se pwoblèm Letènèl li ye (2 fwa, 2 liy)

Tèt chaje sa a pa tèt chaje pam

Se tèt chaje Letènèl li ye (2 fwa, 2 liy)

Kite Bondye aji pou ou

Pa kriye pa touye tèt ou (2 fwa, 2 liy)

Vye malfektè kap ba ou pwoblèm nan

Pi devan ou pap wè yo ankò

Jezi o wa vire dosye a pou mwen

Jezi o vire dosye a pou mwen (2 fwa, 2 liy)

O Letènèl wa vire dosye a pou mwen

Jezi o vire dosye a pou mwen

Papa o chanje dosye a pou mwen (2 fwa).

RELATED ARTICLES

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here
Captcha verification failed!
CAPTCHA user score failed. Please contact us!

Most Popular Songs

Recent Comments

error: Praise The Lord!!