No menu items!
HomeHaiti Chante Avec Radio Lumière Kreyòl72 HCK – Mwen reve mwen tande twonpèt yo

72 HCK – Mwen reve mwen tande twonpèt yo

1

Mwen reve mwen tande twonpèt yo

Ki anonse gran jou jijman an

Mwen reve nasyon yo rasanble

Pou yo jije devan twòn blan

Yon zanj tou klere kite twòn nan

Li kanpe sou latè ak lamè

Li sèmante ak men dwat sou syèl la

Wi, tan an pral sispann egziste.

Ala moun pral kriye, rele

Lè koupab yo tande santans la

Yo rele pou montay yo kache yo

Yo kriye men se te twò ta. (2 fwa, 2 liy)

2

Nonm rich la de men vid te parèt

Tout lajanl gentan disparèt

Li pat ka potel nan jijman li

Pou akite yon si gran dèt

Grannèg te la men enpòtans li

Pat konte lè lanmò mele

Lè zanj la egzamine achiv li

Non grannèg la pat janm mansyone.

3

Vèv yo te la ak òfelen yo

Bondye tande lè yo kriye

Pap janm genyen tristès nan syèl la

Tout dlo nan je va fin siye

Tafyatè te la ak banbochè yo

Avèk tout moun ki tap vann tafya

Wangatè, volè ak adiltè yo

Tout ansanm te desann nan lanfè.

4

Mesye moral rive nan jijman

Men bon zèv moral li pat sifi

Sa yo ki te krisifye Jezi

Te pase pou moun moral tou

Epi sa yo ki te konn ap di:

Pita na gentan sove wi

Se pako lè pou nou pran Jezi.

Poutan, yo jwenn tan pou mouri.

RELATED ARTICLES

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here
Captcha verification failed!
CAPTCHA user score failed. Please contact us!

Most Popular Songs

Recent Comments

error: Praise The Lord!!