No menu items!
HomeMélodies Joyeuses Kreyòl66 MJK – Ala yon mèvèye, mèvèye jou

66 MJK – Ala yon mèvèye, mèvèye jou

1

Ala yon mèvèye, mèvèye jou

Jou m pa ka jamè bliye,

Lèm te nan tenèb, pèdi nan labou,

Jezi Sovèm mwen kontre;

Ala yon zanmi ki gen charite,

Li satisfèm ak gras Li,

Li pran tristès mwen, Li plenm ak lajwa

E Li fè tout tenèb mwen pati.

Syèl la desann, plen nanm mwen ak lajwa

Lè Sovè mwen te sovem sou lakwa.

Tout pechem padone,

Tenèb mwen tounen limyè.

Syèl la desann, plen nanm mwen ak lajwa.

2

Fèt yon lòt fwa ak pisans Lespri Sen,

Li fèm yon pitit Bondye,

Lanmou Kalvè jistifyem, se sèten,

Li banm yon ran bò kotel;

Travay sa a fèt nan yon ti moman

Lèm repanti nan pechem,

Lèm aksepte Li e lèm konfese Li,

O beni non Li, Li sovem.

3

Alèkile, esperans mwen genyen

Va dire tout lavi sa a

La fini yon jou, menm tou asire

Map jwenn yon plas nan syèl la.

Tou sa rivem paske yon bèl jou

Mwen te kwè nan Jezikri,

Byenfè ki si bèl ak lavi etènèl

Mwen resevwa tout nan men Li.

RELATED ARTICLES

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here
Captcha verification failed!
CAPTCHA user score failed. Please contact us!

Most Popular Songs

Recent Comments

error: Praise The Lord!!